

Nan letan, bon sant diri cho, gou kola dous, oswa yon bon shake te vle di lavi fanmi, lanmou, ak konfò. Jodi a, Choucoune pèmèt ou reviv moman sa yo — oswa kreye nouvo memwa — ak pwodwi ki fèt ak men ak kè, nan fason ayisyen an.

Yon bwason klasik ayisyen, renouvle pou jenerasyon jodi a.
Kola Choucoune se yon soda ki konbine bon gou tradisyonèl la ak yon fòmil modèn, ki pi lejè ak pi natirèl. Avèk sèlman 40 kalori ak 10g sik kann natirèl, li se youn nan bwason ki pote yon bon frechè san w pa bezwen enkyete sou kafeyin oswa pwodui chimik.

Paske Choucoune se plis pase yon mak. Se yon eritaj, yon memwa, yon gou nou tout rekonèt. Chak siyon diri, chak gòje kola, chak ti gout bè —yo fè w sonje Kay, Fanmi, Dimanch apremidi, ak manje manman w te sèvi ak lanmou.

Choucoune sèvi w ak pwodwi ki fèt ak engredyan ki bon, pwòp, epi teste pou bon jan kalite. Chak atik pote tradisyon ak anpil swen.

Kèlkeswa si se Kola, Diri, Shake oswa Bè, Choucoune pote w menm bonjan gou w te konnen lakay. Nou pa kopiye — nou prezève esans Ayiti.

Non-GMO, pòv kalori, san kafeyin, ak bon sik kann natirèl. Pwodwi w ka bay fanmi w san enkyetid.
Yon shake ki pote frechè, enèji ak gou Karayib la nan chak gòje.
Shake Choucoune fèt pou moun ki vle yon ti gou dous, yon ti fraîcheur, ak yon ti enèji pandan jounen an. Avèk de gou rafine — Vaniy klasik ak Frèz — chak bweson ofri yon melanj pafè ant kòn, dousè, ak bon sant ki fè w sonje tropikal Ayiti.
Ou ka sèvi l nan maten pou kòmanse jounen w ak kouraj, nan aprè-midi pou yon ti pick-me-up, oubyen nenpòt lè w bezwen yon ti bagay ki bon, ki fre, epi ki satisfè. Shake Choucoune fèt pou tout fanmi an; timoun renmen l, granmoun adòre l.
Li pa sèlman yon shake — se yon ti moman plezi ou merite.
Pran yon gòje, fèmen je w… ou deja santi briz Karayib la.



Yon esansyèl nan kwizin ayisyen an, ki pote chalè ak gou nan chak plat.
Bè Choucoune se yon spread ki fèt ak bon kalite lwil legim, ki bay yon teksti lis, yon gou douser, epi yon kapasite pou amelyore nenpòt resèt w ap prepare. Kit ou ap fri epis, fè griyo, kwit pen, fè gato, sòs, oubyen jis mete sou pen, Bè Choucoune pote yon manyen espesyal ki ranfòse tout gou natirèl manje ou yo.
Nan anpil kay ayisyen, yon bon bè se yon “must-have.” Se sa k fè Bè Choucoune tounen yon chwa fanmi depi lontan. Li fasil pou itilize, li fè manje pran bon koulè, epi li bay yon gou ki konplètman natif natal.
Li pote w bon sant kwizin manman w ak gou lakay ou te grandi avè l.
Yon ti manyen Choucoune, epi chak repa vin yon memwa

Diri long-grenn ki lejè, santi bon, epi ki pote elegans nan tout plat ayisyen.
Diri Basmati Choucoune se kalite diri ki fè chak plat vin pi bon, pi élégance, ak pi sofistike. Chak grenn diri long, mens ak douser, kwit fluffy, separe, epi ak yon bon sant ki fè kay la santi bon depi premye minit li sou dife a.
Si w renmen manje ayisyen — diri ak pwa, diri djondjon, rizotto lakay, diri pilaf, oswa menm bouyon — kalite diri sa a leve nivo chak resèt. Li kwit rapid, li pa vin gonfle ni kole, epi li kenbe bon gou epis ou yo san yo pa pèdi richès lòt engredyan yo.
Pou fanmi, pou fèt, oswa pou restorant ki vle sèvis kalite, Diri Basmati Choucoune se chwa ki pote distenksyon.
Li pa sèlman bon… li fè tab la vin pi bèl.
Yon manyen tradisyon. Yon gout ki pale. Yon kalite ou merite.



Pwodwi Choucoune yo fèt ak seleksyon engredyan ki gen bon kalite epi yo pase nan pwosesis ki respekte estanda sekirite ak ijyèn pou garanti ou pi bon gou ak pi bon eksperyans.
Non. Tout Kola Choucoune yo san kafeyin, ki fè yo pafè pou tout moun, menm timoun ak moun ki evite stimulant.
Kola Choucoune fèt pou ofri yon gou natif natal ak mwens kalori.
✓ An mwayèn 40 kalori
✓ 10g sik kann natirèl
Sa fè yo yon opsyon pi lejè pase anpil bwason sou mache a.
Kola Choucoune: Kenbe nan yon kote fre, lonbraj. Mete nan frijidè pou pi bon fraîcheur.
Shake Choucoune: Kenbe nan frijidè apre ou louvri.
Bè Choucoune: Kenbe nan kote fre. Yon fwa ou louvri, pi bon si estoke nan frijidè.
Diri Choucoune: Kenbe nan yon bokal ki byen fèmen, nan yon kote sèk ak pwòp.
Absoliman. Diri Basmati Choucoune se yon diri long-grenn ki kwit fluffy, lis, epi li kenbe sant ak epis yo trè byen.
Li ideyal pou:
✓ diri ak pwa
✓ diri djondjon
✓ pilaf
✓ bouyon
✓ manje fèt fanmi
Wi! Si w gen yon boutik, restoran, oswa w vle achte an gwo, nou bay pri espesyal pou gòs.
Ou kapab kontakte nou dirèkteman pou yon quote.


Vann Lakay acts exclusively as an independent distributor and maintains no agency, partnership, joint venture, or other legal relationship with Choucoune LLC. Choucoune LLC bears no responsibility for the actions, representations, or obligations of Vann Lakay.
©2026 Vann lakay. All Rights Reserved.